Accessibility links

Breaking News

Mekontantman Popilè ann Ayiti kont Lavichè ak Grangou


Nan peyi d Ayiti, mouvman pwotestasyon kontinye nan divès vil pou mande otorite yo pran dispozisyon pou yo konbat lavichè a.

Se konsa, nan kòmansman jounen vandredi 21 septanm 2012 la, plizyè moun pran lari nan vil Kap-Ayisyen pou yo manifeste mekontantman yo ak gouvènman Martelly-Lamothe la ki, daprè yo, kite sitiyasyon an rive nan yon nivo ki pa ekseptab.

Yon lòt kote, nan Depatman Sid la, pi presizeman nan vil Okay, tansyon an fè yon ti bese aprè pèp souvren te pran lari pi bonè nan semèn nan pou denonse fenomèn grangou a epi reklame aksyon Leta pou konbat lavichè a.

Nouvèl yo fè konnen moun te ka tande anpil koutzam pati nan nwit jedi 20 pou leve vandredi 21 septanm nan, youn nan fason kèk nèg ame manifeste malèz sitiyasyon sa a kreye nan sosyete a.

Mouvman pwotestasyon sa yo ap dewoule aprè gouvènman an te anonse arive ann Ayiti, anvan lontan, plizyè tòn dire pou bese pri pwodui sa a ki monte disèt wòtè akoz rate li sou mache ayisyen an.
XS
SM
MD
LG