Accessibility links

Breaking News

Retrè 33 Mil Sòlda Ameriken ki te nan Afganistan


Minis defans ameriken an, Leon Panetta, deklare tou lè 33 mil sòlda Lèzetazini te voye nan Afganistan kòm ranfò pou kowalisyon entènasyonal la, deja kite peyi sa a.

Daprè misye Panetta, retrè sòlda sa yo reprezante yon gwo reyalizasyon nan efò fòs alye yo ap deplwaye pou yo transfere responsablite sekirite Afganistan bay lame ak lapolis peyi a.

Chèf Pentagòn nan fè deklarasyon sa a vandredi 21 septanm 2012 la pandan li tap bay yon konferans pou laprès ansanm avèk minis defans peyi Nouvèl Zeland kote lap mete fen nan yon tounen yon semèn nan rejyon Azi-Pasifik la.

Misye Panetta di :
"Lame amerikèn nan rive konplete retrè twoup prezidan Obama te pran angajman, an Desanm 2009, pou l voye kòm ranfò nan Afganistan; nou wete 33 mil òm nan efektif militè nou laba a; e retrè sa a fèt daprè kalandriye nou te fikse a."

Pandan Misye Panetta nan Nouvèl Zeland la, li tou pwofite anonse Lèzetazini leve yon entèdiksyon ki te anpeche bato degè neo-zelandè antre nan dlo tèritoryal ameriken.

Washington te enpoze sanksyon sa a nan lane 1985 aprè Nouvèl Zeland te pran desizyon pou l entèdi bato kap fonksyone ak enèji nikleyè antre nan pò li yo --yon desizon ki te oblije Lèzetazini mete fen nan yon trete defans resipwòk avèk Wellington.
XS
SM
MD
LG