Accessibility links

Breaking News

Arive Anvan Lonton Kèk Kagezon Diri nan Peyi d Ayiti


Gouvènman peyi Ajantin, Taylann ak Japon pwomèt Ayiti plizyè santèn milye tòn diri pou ede peyi a konbat lavi chè a.

Premye Minis Laurent Salvador Lamothe fè anons la mèkredi 19 septanm 2012 la apre rankont manm konsèy gouvènman an.

Se konsa tou, chèf gouvènman ayisyen an anonse fòmasyon yon komisyon entè-ministeryèl pou travay sou egzekisyon pwogram Leta genyen pou l konbat lavi chè nan peyi a.
XS
SM
MD
LG