Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Clinton Anonse Ranfòsman Sekirite nan Misyon Diplomatik Lèzetazini atravè Lemond


Sekretè deta Lèzetazini, Hillary Clinton, di Lèzetazini ap pran dispozisyon dyanm pou l pwoteje diplomat li yo toupatou atravè lemond nan moman pwotestasyon kontinye kont yon film anti-Islam ki te fèt Ozetazini.

Madam Clinton deklare:

" N ap pran dispozisyon rapid e aktif pou n pwoteje manm pèsonèl anbasad ak konsila nou yo atravè lemond. Pami dispozisyon sa yo, genyen yon pasaj an revi mezi sekirite nan tout misyon diplomatik nou yo epi ranfòse yo kote sa nesesè. Nap travay ak gouvènman libyen an nan kad efò k ap fèt pou n trennen devan lajistis moun ki te touye 4 diplomat ameriken nan vil Benghazi. Ajan FBI deja twouve yo nan Tripoli pou yo patisipe nan ankèt otorite libyen yo ap Mennen. Pa gen anyen ki pi enpòtan pou nou pase sekirite diplomat ameriken yo atravè lemond."

Mouvman pwotestasyon dewoule nan vil Jalalabad, nan lès Afghanistan. Manifestasyon yo oblije konsila ameriken nan vil Medan, nan peyi Endonezi fèmen pòt li tanporèman aprè anbasad amerikèn nan Bangkok, kapital Thailand, te fè menm bagay la yon jou anvan sa.
XS
SM
MD
LG