Accessibility links

Breaking News

Mond Atistik Ayisyen an an Dèy: Saksofonis Doudou Chancy Mouri


Mond atistik ayisyen an ann dèy aprè nouvèl tonbe nan wikenn nan pou anonse lanmò saksofonis Jacques Ardouin “Doudou” Chancy. Misye Chancy sòti nan yon fanmi mizisyen kote youn nan manm ki pi koni yo se Loubert Chancy, manm fondatè e saksofonis gwoup Skah Shah.

Daprè enfòmasyon ki sòti New York nan fen semenn nan, Doudou Chancy tap patisipe nan yon aktivite nan night club “Brasserie Créole”, nan New York, lè li tonbe; se konsa li ta pral rann dènye soupi li.

Pandan ane ki pase yo, Doudou Chancy te bay Lavwaklamerik anpil entèvyou sou karyè li, sou aktivite pwofesyonèl li e sou yon pwojè l te genyen pou l fè timoun ayisyen yo apresye enpòtans mizik nan fòmasyon yon moun e sitou ankouraje yo aprann mizik.

Sèvis Kreyòl la wete chapo devan gwo mizisyen ayisyen sa a e nou prezante kondoleyans sensè nou bay lafanmi Chancy an patikilye ak mond atistik ayisyen an an jeneral.
XS
SM
MD
LG