Nan divès vil nan peyi d Ayiti --tankou Okay, Okap e nan kèk katye kapital peyi a, Pòtoprens-- manifestasyon dewoule pou mande gouvènman an amelyore kondisyon lavi popilasyon an, konbat ensekirite, pwoteje anviwonnman an, e pi espesyalman pou denonse le fèt ke administrasyon Martelly-Lamothe la pa rive fè fas ak yon sitiyasyon ekonomik ap deteryore plis chak jou e ki genyen move konsekans sou kapasite fanmi ayisyèn yo pou yo voye pitit yo lekòl.
Nap raple ane eskolè a pral kòmanse nan premye semèn mwa oktòb la.
Daprè moun k ap obsève sitiyasyon an ann Ayiti, se premye fwa prezidans Martelly a ap fè fas ak yon mouvman mekontantman piblik konsa, e moun ta dwe swiv avèk atansyon jan sitiyasyon an pral evolye nan peyi a nan jou ak semèn kap vini la yo.