Gouvènman Lèzetazini ak Libi dakò pou yo kowopere nan yon ankèt sou yon atak moun yo sispèk kòm militan islamis te lanse, madi 11 septanm 2012 la, sou konsila ameriken an nan vil Benghazi, nan pati lès Libi, kote 4 diplomat ameriken pèdi lavi yo –pami yo genyen anbasadè ameriken an nan Libi, J. Christopher Stevens.
Manifestan, ki te move kou kong, te ouvè kout zam sou konsila a epi yo mete dife ladan n poutèt yon film yon sineyas amatè ameriken fè e ki, daprè yo, pase pwofèt mizilman Mawomè nan betiz.
Anbassadè Stevens se premye manm sèvis etranjè Lètazini ki mouri aletranje nan plis pase 20 tan. Sete yon diplomat de karyè; sete an menm tan youn nan diplomat ameriken ki gen plis eksperyans sou rejyon Mwayen Oryan an. Li te rive nan pòs li nan kapital Libi a, Tripoli, nan mwa me ane sa a. Prezidan ameriken an, Barack Obama, kondane ansasina 4 diplomat yo e li pwomèt Lèzetazini pral lage yon koukouwouj dèyè moun ki responsab lanmò yo.
Misye Obama di :
"Piga moun twonpe yo ; nou pral travay avèk gouvènman libyen an pou nou trennen devan lajistis ansasen ki atake pèp nou an."
Pandan Prezidan Obama pale konsa mèkredi nan Jaden Woz Mezon Blanch la kote li te gen bò kote l Sekretè Deta Hillary Clinton. Msye Obama fè konnen li pase lòd pou yo ogmante sekirite nan misyon diplomatik Lèzetazini yo tou patou atravè le mond. Aprè lidè ameriken an te fin fè deklarasyon sa a, li te ale nan lokal Depatman Deta a pou li te konsole pèsonèl diplomatik la.
Sekretè Deta Clinton –ki tap reyaji tou sou sitiyasyon an nan Libi menm jou mèkredi a-- pale nan Depatman Deta a pou l denonse zak moun ki atake konsila a nan Benghazi. Sekretè Deta Clinton deklare:
"Pa gen okenn jistifikasyon pou vyolans konsa. Pa gen okenn fason pou vyolans konsa onore relijyon ni lafwa yon moun. Depi gen moun kap touye inonsan nan non Bondye, le mond pap janm gen yon lapè veritab ni yon lapè dirab"
Chèf diplomasi amerikèn nan ajoute Anbasadè Christopher Stevens te riske lavi li pou l te bloke yon tiran --an palan de defen diktatè Mouammar Khadafi-- e li bay lavi li pou bati yon pi bon Libi.