11 septanm 2001 – 11 septanm 2012 : Lèzetazini ap make 11èm anivèsè atak teworis ki pi tèrib ki fèt sou tèritwa ameriken an. Nan okazyon an, Prezidan Barack Obama ak Madanm li, Michelle, pran tèt yon seremoni kote patisipan yo obsève yon minit silans pou make anivèsè atak rezo teworis al-Kaida te lanse sou New York ak Washington nan dat 11 septanm 2001 an. Yo obsève moman silans la a 8:45 di maten, swa lè kote teworis yo te fè yon avyon al frape youn nan pi gwo bilding ki te genyen nan New York yo, The World Trade Center.
Sete premye nan 4 avyon teworis yo ta pral itilize pou yo lanse atak yo (yon 2èm avyon t’al kraze sou 2èm tou World Trade Center la). Aprè sa, toujou nan jounen madi 11 septanm 2012 sa a, koup prezidansyèl la patisipe nan yon lòt seremoni nan Pentagòn nan --kidonk, Depatman Defans Lèzetazini an-- kote teworis yo te fè yon 3èm avyon tonbe nan atak 11 septanm 2001 an.
Tankou sa te fèt nan ane ki pase yo, nan New York fammi amerikèn ki gen moun ki te mouri nan atak yo ap patisipe nan yon seremoni ki pral dewoule nan anplasman kote World Trade Center la te sitiye a. Sepandan, ane sa a pral genyen yon gwo chanjman nan pwotokòl la ak patisipasyon an: daprèzavwa plas yo limite, òganizatè yo deside distribiye mwens envitasyon e se sèlman manm fanmi viktim yo ki pral reponn prezan nan seremoni sa a; pa egzanp, moun pap wè okenn ofisyèl eli nan Ground Zero, jan yo rele anplasman World Trade Center la an anglè.
Vis Prezidan ameriken an, Joe Biden, pral pran lapawòl nan yon seremoni kap dewoule nan yon ti vil ki rele Shanksville, nan Eta Pennsilvani, kote yon 4èm avyon te tonbe nan dat 11 septanm 200. Lendi 10 septanm 2012 la, lavèy anivèsè atak la, minis defans ameriken an, Leon Panetta, te vizite anplasman kote 4èm aparèy la --yon avyon konpayi United Airlines, vòl no. 93-- te tonbe nan Pennsilvani an.
Misye Panetta deklare:
“Preokipasyon mwen sè ke twò souvan nou pa eksprime kèsote nou ak atansyon nou pou sila yo kap goumen e mouri pou peyi sa a. Nou kontinye ap pèdi bon gason ak bon fanm nan batay kap dewoule nan Afganistan an. Yo mete vi yo an danje chak jou; epi se chak jou yap goumen pou garanti ke peyi nou an gen pwoteksyon, li gen sekirite. Nou pa kapab bliye sakrifis yo.”
Kidonk, 11 septanm rete yon dat istorik nan lavi Lèzetazini, nan lavi planet la, menm si li raple souvni tris. Se yon jounen refleksyon ak meditasyon kote Lèzetazini ap sonje kantite moun ki te peri nan trajedi sa a .