Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal “Izaak” Pèdi Fòs, men li Toujou Poze Gwo Danje pou Kèk Eta nan Sid Lèzetazini


Tanpèt Twopikal “Izaak” ap deplase dousman sou Eta ki nan pati sid Lèzetazini -espsyalman Lwizyàn, 7 tan aprè siklòn Katrina te fè gwo dega nan eta sa a.

Espesyalis tan yo di tanpèt la pral febli pou l tounen yon depresyon twopikal pi ta nan jounen jedi 30 out la pandan l ap kontinye deplase nan direksyon nò sou eta Lwizyàn, sou kòt Etazini ki bay sou Gòlf Meksik la.

Sant Metewolojik Nasyonal Ameriken an –ki baze nan vil Miami, nan Eta Florid-- di Izaak pote ak li van kap soufle a 95 kilomèt a lè e li ka lage jiska 63 santimèt lapli sou kèk zòn nan Eta Lwizyàn, Misisipi, Alabama ak Akansò anvan li fin pase sou eta sa yo vandredi.

Move tan an gen pou l deplase pou l ale nan sant-wès Lèzetazini kote moun yo ap redi anba sechrès depi kèk tan deja; donk yo bezwen lapli anpil-anpil.
XS
SM
MD
LG