Siklòn Isaac touche tè a 8è p.m. madi nan rejyon sidès Eta Louisiana kòm yon siklòn kategori 1 hurricane. Systèm nan ki pap deplase vit ka lage jiska 20 santimèt lapli pandan 2 pwochen jou vini yo sou rejyon an.
Isaac ap mache ak van k ap soufle ak yon vitès 80 mph sustained winds--swa 5 mil alè anplis depi lè li kite stad tanpèt twopikal nan koumansman madi apre midi 28 out la.
Direktè Sant Siveyans Ouragan an nan Eta Florid, Rick Knabb, di se "pral yon long moman move tan pou kòt Eta Louisiane ak Mississipi e pou rejyon ki sou tè fèm yo tou". Anvan menm li te rive toupre kòt 2 Eta yo, Isaac te gen tan inonde wout e pwovoke blakawout anpil kote nan Louisiane ak Mississipi.
Majistra kominal vil Nouvelle Orléans an, Eta Louisiane, Mitch Landrieu di li konnen vil li a pral sibi pi gwo soukous ouragan an. Dapre sa previzyonis yo di Isaac ap rive sou vil Nouvelle Orléans a 1è di maten avè gwo van.