Nan yon seremoni ki dewoule nan vil Kap Ayisyen lendi 27 out 2012 la, gouvènman Martelly-Lamothe la reyalize sa otorite yo rele “renesans ODN”, sètadi yo relanse Òganism Devlopman Nò a ki te sispann tout operasyon nan fen ane 1990 yo, paske Leta ayisyen te sispann finance travay li.
ODN te kreye nan ane 70 yo sou gouvènman Jean Claude « Baby Doc » Duvalier, e misyon li sete travay pou devlopman entegre Depatman Nò a.
ODN 2èm vèsyon an --k ap gen yon biwo depatmantal nan Nòdès, Nòdwès ak Plato Santral-- genyen Spencer Charles ak Voltaire Dumesle kòm direktè jeneral e direktè jeneral adjwen.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Yvan Martin Jasmin depi vil Kap-Ayisyen .