Ozetazini, kandida nan kous prezidansyèl la pou Pati Repibliken an, Mitt Romney, prale nan vil Tampa, nan eta Florid, madi 28 out 2012 la, nan moman tanpèt twopikal Izaak pwovoke yon ralantisman nan dewoulman aktivite konvansyon nasyonal Pati Repibliken an k ap kontinye pwogram li.
Msye Romney avèk madanm ni, Ann, te pase jounen lendi a nan oditorium yon lekòl segondè pou yo te fè repetisyon sou diskou yo pral prononse nan konvansyon an kote Misye Romney genpou aksepte ofisyelman nominasyon pati a.
Lè yon jounalis mande Mitt Romney kòman sa li wè sitiyasyon an, li reponn pou di:
“Mwen renmen diskou a, mwen vrèman renmen diskou Ann prepare a. Pitit gason nou yo deja nan Tampa e yo di tout bagay an fòm lot bò a; nou anpil bon zanmi ki deja sou plas, e nou pa ka tann pou nou gen yon bon jan konvansyon.”
Pati Repibliken an te louvri konvansyon an lendi pou l nonmen ofisyèlman kandida l ap chwazi pou eleksyon prezidansyèl novanm 2012 la; men dirijan yo te ranvwaye pi fò nan pwogram yo akoz tanpèt twopikal Izaak te menase kòt Eta Florid, nan pati sid Lèzetazini, kote òganizatè yo mete konvansyon an sou pye.
Kèk repibliken (dirijan kou senp patizan) deja di yo pè pou Izaak pa fè moun bliye konvansyon an si li fè dega lè l va touche kòt Gòlf Meksik la pi ta nan semèn nan.