Pati repibliken ameriken an deside rakousi konvansyon pou l nonmen ofisyèlman Mitt Romney kòm kandida li nan eleksyon prezidansyèl mwa novanm 2012 yo isit Ozetazini.
Pati repibliken an pran desizyon sa a akoz yon tanpèt twopikal k ap vanse sou kot eta Florid nan pati sidès peyi a, kote konvansyon an gen pou l dewoule a. Evènman politik 4 jou sa a te dwe kòmanse lendi 27 out la nan v il Tampa.
Sepandan, pati a ranvwaye pifò nan diskou gwo chabrak repibliken ta pral pwononse pou rès 3 jou ki rete yo, kidonk pou demen madi, mèkredi ak jedi.
Reta sa a gen pou wè ak tanpèt twopikal Isaac ki , dapre kaptenn meteyo ameriken yo, pral pase sou yon distans ki depase 300 kilomèt alwès vil Tampa.
Tanpèt twopikal ap pran fòs nan moman l ap vanse nan direksyon gòlf Meksik la.