Cheryl Mills, chèf kabinè Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, fè yon vizit koutwazi madi 21 out la nan palman ayisyen an kote li fè chita-tande ak yon gwoup depite ak senatè.
Li te gen avèk li nouvo anbasadè Lèzetazini nan Pòtoprens la, Pamela White. Pandan prezidan Sena a, Simon Dieuseul Desra, tap pale ak laprès aprè rankont la, li te pami tém konvèsasyon yo te genyen, antwòt, gwo tèm kap domine politik la ann Ayiti jounen jodiya, san bliye plan gouvènman an genyen pou l òganize eleksyon.
Misye Desra ensiste sou kote « koutwazi » vizit la, kote Madam Mills pat vin « pase lòd », menmsi chèf kabinè Sekretè Deta Clinton nan di Lèzetazini apiye lide pou Ayiti fè eleksyon pou ranfòse enstitisyon demokratik peyi a.