Ann Ayiti, gouvènman an enstale Konsèy Elektoral Pèmanan an (KEP) malgre pwotestasyon konsènan, antwòt, absans 3 reprezantan palman an.
Yon lòt kote, gen sektè ki leve lavwa pou di kondisyon legal ou konstisyonèl pa reyini pou fòmasyon yon konsèy elektoral pèmanan.
Nan kòmansman semèn nan, Prezidan Michel Martelly te pale pou l di, si gouvènman an fòme epi enstale KEP a, se pou l respekte konstitisyon an ki prevwa kreyasyon yon antite konsa.
Li te ensiste sou nesesite pou peyi a gen eleksyon pou avansman eksperyans demokratik la ; epi li te ajoute san yon konsèy elektoral pa kapab gen eleksyon.
Anfen, pou reponn kritik ki lonje dwèt sou absans reprezantan palman an nan konsèy la, chèf deta a te atire atansyon sou le fèt ke depite ak senatè kapab toujou voye reprezantan yo pi ta nan KEP a.