Accessibility links

Breaking News

Pwochen Vizit yon Ofisyèl l’ONU ann Ayiti


Nouvèl ki sòti nan Oganizasyon Nasyon Zini fè konnen Asistan Sekretè Jeneral pou dwa moun, Ivan Simonovié, pral vizite peyi d Ayiti a pati de mèkredi 22 out 2012 la pou l pale de kesyon enpòtan ki konsènen domèn dwamoun nan avèk manm gouvènman an, reprezantan l’ONU ann Ayiti, kominote entènasyonal la ak sosyete sivil la.

Misye Simonovié pral fè visit 4 jou sa a –kap pran fen nan dat 25 out 2012 la-- nan moman Ayiti ap redi pou l leve anba move konsekans yon gwo kokenn tranblemanntè ki te devaste peyi a an janvye 2010 kote plis pase 300 mil moun te mouri tandiske pi fò enfrastrikti nasyon an te detrui.

Daprè yon nòt pou laprès ki sòti l’ONU, pami otorite ayisyen Asistan Sekretè Jeneral Ivan Simonovié pral rankontre yo, genyen Premye Minis Laurent Lamothe, prezidan Sena a, Dieuseul Simon Desra, ak prezidan Chanm Bas la, Levaillant Louis Jeune.

Li pral fè chita-tande tou avèk ofisyèl MINUSTAH (Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon Ayiti), manm kò diplomatik la ak reprezantan sosyete sivil la. Konsèy Sekirite l’ONU an ap pase an revi manda MINUSTAH ann Ayiti, ki genyen pou pran fen nan mwa d oktòb 2012 la.
XS
SM
MD
LG