Accessibility links

Breaking News

Sitiyasyon an nan Afganistan bay Prezidan Obama Preokipasyon


Prezidan ameriken an, Barack Obama, di sitiyasyon kote manm lame ak lapolis peyi Afganistan ap touye manm fòs kowalisyon entènasyonal la, ba li preokipasyon.

Pandan Misye Obama tap pale ak laprès nan La Mezon Blanch lendi 20 out 2012 la, li fè konnen li abòde dosye a avèk wo grade militè ameriken ak l’OTAN ki nan Afganistan e k ap diskite sou kesyon an avèk patnè afgan yo.

Prezidan Obama deklare:
“Rezon ki fè sa rive, se le fèt ke nou nan yon peryòd tranzisyon kote nap remèt kontwòl sekirite a nan men Afgan yo e nap antrene yo avèk efikasite. Konsa, nou genyen yon kontak pi sere avèk yo, yon kontak pi sere an pèmanans avèk sòlda afgan yo. E yon pati nan travay nou gen pou n fè, se asire nou ke efò nou yo bay bon rezilta, san sa pa diminye sekirite sòlda n yo."

Manm lame ou lapolis peyi Afganistan touye 10 manm fòs kowalisyon entènasyonal la nan 2 semèn ki pase yo. E 39 manm kowalisyonan, pou pi piti, tonbe anba men sòlda ou polisye afgan depi ane 2012 la te kòmanse.
XS
SM
MD
LG