Accessibility links

Breaking News

Afganistan: 2 Sòlda Ameriken Mouri anba Koutzam yon Polisye Afgan


Òganizasyon Trete Atlantik Nò a, l’OTAN, fè konnen yon polisye afgan touye 2 sòlda ameriken vandredi maten nan pwovens Farah ki nan pati lwès Afganistan.

Alyans la di manm fòs entènasyonal la tire sou atakan yo ki mouri. Semèn pase a, manm lame ou lapolis Afganistan ou byen nèg ki te degize tankou polisye ou militè afgan, touye 6 manb lame amerikèn nan nan 2 atak separe.

Plis pase 33 manm kowalisyon an tonbe depi kòmansman ane a nan sa yo rele “atak vèt sou ble” , yon referans ak koulè inifòm manm lame afgan an ki vèt ak inifòm manm fòs l’OTAN an ki ble.
XS
SM
MD
LG