Accessibility links

Breaking News

Jèn Imigran Kòmanse Enskri pou Legalize Estati yo Ozetazini


Ozetazini, otorite imigrasyon yo kòmanse aksepte enskripsyon, depi mèkredi 15 out 2012 la, pou yon pwogram kap pèmèt yo legalize tanporèman estati sèten imigran san dokiman, si yo te antre nan peyi a anvan yo te genyen laj majè.

Plizyè milyon imigran pral benefisye de pwogram sa a. Pou plis presizyon sou kesyon pou konnen kilès ki eljib pou pwogram nan, avoka imigrasyon Ralph François kap milite nan vil Miami, Eta Florid, reponn kesyon direktè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, Ronald César.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute entèvyou Ronald César avèk avoka Mèt François sou dosye sa a.
XS
SM
MD
LG