Prezidan Barack Obama ak Depite Paul Ryan, kolistye ke opozan li e kandida pati Repibliken an pou pòs prezidan an, Mitt Romney, fèk chwazi a, mennen kanpay, lendi 13 , nan Eta Iowa, ki nan sant-wès peyi a.
Pandan misye Obama te nan vil Council Bluffs, li di yon foul patizan ke misye Ryan kanpe an kwa devan yon seri de lwa ki ta itil senp sitwayen yo –pami yo genyen yon lwa ki ta pote soulajman pou sektè agrikòl la kote plantè ak elvè bèt k ap fè fas ak gwo difikilte.
Bò kote pa l, Paul Ryan, ki te pale nan yon meeting de mas nan vil Des Moines, kritike Prezidan Obama pou travay li fè (oubyen pa fè) nan yon seri de domèn –sòti depi nan depans Leta federal la, pou rive nan politik enèjetik peyi a.
Se premye fwa misye Ryan parèt an piblik pou kont li nan kanpay la, depi Mitt Romney te chwazi li kòm kandida pou plas vis-prezidan-an.