Iran fè konnen kounye a li prepare pou l aksepte asistans etranje pou viktim 2 tranblemanntè ki te frape nòdwès peyi a samdi ki sot pase a.
Ajans nouvèl leta Iran an, « Irna » rapòte pawòl vis prezidan Mohammad Reza Rahimi ki di Iran pare pou l resevwa kontribisyon nan men lòt peyi.
Anvan sa, Repiublik islamik la te rejte òf peyi etranje tankou Etazini, Almay, Larusi, Turki ak lòt nasyon.
Kwa Wouj Iran an fè konnen peyi a pa bezwen asistans etranje e li ka jere dezas la li menm.
Iran ogmante kantite moun ki mouri anba 2 tranblemanntè ki te mezire 6 vigul 4 ak 6 vigul 3 a plis pase 300 e plis pase 3 mil lòt blese.