Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Mezantant sou Fòmasyon Pwochen Konsèy Elektoral la/ Dosye VOA Nouvèl


UN-Haiti
UN-Haiti
Ann Ayiti, apre Prezidan Michel Martelly te voye yon lèt bay palman an kote li fikse yon delè 8 jou pou Pouvwa Lejislatif la chwazi 3 reprezantan li nan pwochen konsèy elektoral pèmanan an, reyaksyon pa sispann tonbe nan milye politik yo devan sa k parèt kòm yon kriz ki sanble ap devlope ant prezidans la ak palman an konsènan kreyasyon yon enstitisyon pou òganize pwochen eleksyon yo.

Prezidan chanm depite a, Levaillant Louis Jeune, pa kwè sa k sanble ak yon iltimatòm Prezidan Martelly mete devan palman an pral rezoud kriz la. Pou Senatè Annick Joseph, se mank òganizasyon ansyen manm egzekitif ayisyen an ki lakoz eleksyon yo pat fèt lè yo te dwe fèt la; e si rechèch solisyon an dwe represante yon ijans, se pa yon rezon pou aktè politik yo vyole lalwa.

An tou ka, pòtpawòl prezidans la, Lucien Jurat, pale pou l di si palman an pa respekte delè 8 jou Prezidan Martelly fikse a, pouvwa egzekitif la pral òganize eleksyon yo san patisipasyon 3 manm ki ta dwe reprezante palman an. Misye Jurat kontinye pou l di menm aprè fòmasyon yon konsèy elektoral pèmanan pou mete pwochen eleksyon yo sou pye, asanble lejislatif la (kò depite ak senate yo) va kapab chwazi reprezantan yo vle voye nan KEP a lè yo va fin antann yo sou chwa reprezantan sa yo.

Bò kote pa li, ansyen batowye lòd avoka yo nan Pòtoprens, Mèt Gervais Charles, ki reyaji sou demisyon yon manm Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) denonse sa li konsidere kòm yon «yon enjerans pouvwa ekzekitif la nan fonksyonman CSPJ a».

Anfen, pou sa ki gen rapò ak swa-dizan iltimatòm pouvwa ekzekitif la mete devan palman an, Senatè Lucas Saint-Vil di fòmasyon yon konsèy elektoral pèmanan avek 6 manm (jan prezidans la anonse sa si palman an pa respekte delè 8 jou a) ta ka plonje peyi a nan yon kriz; sepandan, daprè li, li pa twò ta pou 2 pouvwa yo jwenn yon antant sou kesyon an.
XS
SM
MD
LG