Accessibility links

Breaking News

Meksik Ekstrade Ozetazini Trafikan Dwòg Sandra Avila


O Meksik, otorite yo ekstrade Ozetazini Sandra Avila pou l fè fas ak akizasyon deske li mele nan trafik dwòg.

Otorite ameriken yo mete men sou Madam Avila nan vil Toluca Jedi 9 out 2012 la epi yo transfere manmzèl nan vil Miami kote li gen pou l konparèt devan yon jij federal e fè fas ak akizasyon deske li se trafikan kokayin.

Sandra Avila --ki gen ti non jwèt “Rèn Pasifik la”, ap fè fas ak akizasyon deske li se manm yon òganizasyon ki te fè kokayin sòti nan Kolonbi pou antre Ozetazini nan ane 90 yo.

Otorite Meksiken yo te arete l nan lane 2007 nan vil Meksiko kote li t ap tann jijman n anba akizasyon deske li mele nan krim òganize ak blanchiman lajan.
XS
SM
MD
LG