Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Dwòg: Arestasyon 2 Kolonbyen ki t ap Transpòte Kokayin nan Zòn Marigo


 foto achiv
foto achiv
Brigad anti-dwòg Polis Nasyonal Dayiti (PNH) depeche yon ekip envestigatè nan Marigo (depatman Sid-Es peyi Dayiti) pou mennen ankèt e eseye jwenn yon kantite kokayin popilasyon an ta pran nan yon chaloup kolonbyen.

Pòtpawòl polis la, Komisè Frantz Lerebourg, di Lavwadlamerik 2 kolonbyen ki te transpòte kokayin nan, twouve yo anba men lapolis.

Otorite yo ouvè yon ankèt pou konnen kote dwòg la fè; yo deja rankontre ak anpil moun pou yo reponn kesyon sou afè a.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute deklarasyon Komisè Lerebourg sou dosye sa a.
XS
SM
MD
LG