Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, ann akò ak Prezidan Michel Martelly, fè yon pase-men nan kabinè ministeryèl la kote nou jwenn 3 chanjman enpòtan --pami yo yon nouvo Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal, Ronsard Saint-Cyr, ki ranplase Thierry Mayard Paul.
Premye Minis Lamothe, ki te okipe an menm tan pòs Minis Afè Etranjè a, kite plas sa a pou Pierre Richard Casimir, tandiske Misye Lamothe okipe kounye a pòs Minis Planifikasyon ak Kowoperasyon Ekstèn. Nan kad chanjman ki fèt nan kabinè a, Sitwayèn Josefa Gauthier, ki te Minis Planifikasyon, vin Minis Afè Sosyal ak Travay; Sitwayen Vanneur Pierre jwenn nominasyon li kòm Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl; epi Sitwayen Jean Vilmond Hilaire se nouvo Minis Anviwonnman.