Premye Minis endyen an, Manmohan Singh, fè konnen li anba gwo emosyon aprè li fin resevwa nouvèl ki fè konnen 7 moun mouri anba bal nan yon tamp endyen sikh nan Eta Woscinsin, Ozetazini. Pami viktim yo genyen nèg ame ki te antre nan tanp la epi li ouvè koutzam sou fidèl yo. Misye Singh --ki se yon manm relijyon sikh la li menm tou-- lanse apèl bay otorite ameriken yo pou l mande yo fè tout sa yo kapab pou yo chache konnen kilès ki responsab sa li konsidere kòm –nap site: “yon atak lach e mechan”. Peyi Lend se kote ou jwenn majorite fidèl relijyon sikh la. Premye Manmohan Singh deklare -nap site:
"Asasisa san rezon moun ki reyini ansanm pou yon sèvis relijye –asasisa konsa ki rive nan sikonstans trajik, se yon bagay ki ban m anpil-anpil tristès."
Nan eta ameriken Wisconsin kote asasina yo rive a, otorite yo fè konnen atakan an te ouvè koutzam sou fidèl yo nan yon tanp ki nan yon banlye vil Milwaukee, kote li touye 6 moun anvan lapolis te entèveni epi yo tire sou li. Misye mouri sou plas. Daprè siyalman lapolis bay, misye se yon blan ki nan 40tèn li konsa; men yo pa bay plis detay, ni yo pa di non plis pou ki rezon misye poze zak sa a. Byen ta dimanch, yo te ale lakay misye pou yo fouye li. Tom Ahern se pòt-pawòl Biwo Alkòl, Tabak ak Zamafe, yon biwo ki la pou, antwòt, kontwole sikilasyon zam nan peyi Etazini. Misye Ahern di:
Tout prèv an plis –tankou zamafe, minisyon, nenpòt ki kalte prèv ki ta kapab sòti nan odinatè misye, lèt li ta kite dèyè, nenpòt kisa li te ekri, nap chache tout bagay ki ta kapab reprezante yon pyès nan yon enigm nap chache rezoud pou n konnen egzakteman kisa ki fè li poze yon aksyon konsa."
Lòt reyaksyon ki tonbe aprè ensidan dramatik sa a: Prezidan Barack Obama fè konnen li genyen anpil tristès lè li fin aprann nouvèl sou asasina sa yo; li di kominote sikh la pote anpil richès pou kilti Lèzetazini ak sosyete amerikèn nan.
Ozetazini, moun gen tandans konfonn mizilman ak fidèl sikh yo ki toujou mete "turban" nan tèt yo epi kite bab yo pouse byen long. Konfizyon sa a konn fè yo sibi move zak anba men moun ki kont relijyon islamik la –sutou aprè atak teworis 11 septanm 2001 yo,