Apre 11 zan maryaj ak modèl Kay Millard Morris chantè Stevie Wonder, 62 zan, deside divòse, dapre magazin zen mond chobiznis la, TMZ. Magazin nan aprann se pou mezant yo pa rive rekonsilye ki fè chantè voye papye tenbre bay Morris. Koup la t ap viv separe depi oktòb 2009.
Nan dokiman TMZ rive jwenn, sanble Stevie Wonder mande pou l pataje avèk Kay Morris levasyon ti moun yo (2 gason: Kailand ak Mandla) ki genyen 10 e 7 tan. Vedèt la aksepte tou pou l peye pansyon alimantè ak tout lòt nesesite finansye yo.
TMZ pa di konbyen lajan nan fòtin plizyè dizèn milyon dola li a (paske toujou gen yon kesyon lajan—gwo lajan—nan ka sa yo) Stevie Wonder pra l debouse pou divòs la. Atis Soul, Pop ak R&B an (Ebony and Ivory, Master Blaster I Just Called To Say I Love You) marye 2 fwa e li genyen 5 pitit li fè ak madanm anvan an ak nan lòt pa chat li.
Chantè Stevie Wonder Mande Divòs Apre 11 Zan Maryaj

Apre 11 zan maryaj ak modèl Kay Millard Morris chantè Stevie Wonder, 62 zan, deside divòse, dapre magazin zen mond chobiznis la, TMZ.