Yon nòt ki sòti nan Fon Clinton-Bush pou Ayiti anonse sa nap rapòte la a:
"Ansyen Prezidan ameriken Bill Clinton vizite, mèkredi premye out 2012 la, lopital Bernard Mevs nan Pòtoprens, kote li anonse yon don 442 mil 100 dola Fon Clinton-Bush pou Ayiti a pral fè lopital la, pou amelyore kalite swensante lap bay popilasyon an.
Don sa a, kap pase pa yon òganizasyon non-gouvènmantal ameriken ki rele Project Medishare, pral ede ONG sa a ak lopital Bernard Mews mete ann aplikasyon yon program fòmasyon ak edikasyon medikal pou pwofesyonèl nan domèn lasante a.
Pwogram nan ap dire 16 mwa e li pral pote fòmasyon ak antrènman pou 47 radyològ, teknisyen laboratwa ak patolojis kap travay nan lopital Bernard Mevs la ak lòt sant medikal, pou montre yo kijan pou yo sèvi ak ekipman dènye kri ki parèt nan domèn lamedsin nan. Pi fò nan ekipman sa yo, se kado yo te fè lopital la sa pa gen lontan; pami yo genyen yon skanner CT 16; men jiskaprezan pa tèlman gen anpil espesyalis ayisyen ki resevwa antrènman sou fason pou yo sèvi ak yo.
Pandan vizit prezidan Clinton fè mèkredi nan Lopital Bernard Mews la, li rankontre ak malad yo, ak manm pèsonèl medikal la e ak responsab lopital la. Li pale yo de enpòtans pwogram Project Medishare la pou avni Ayiti. Pa le fèt ke Fon Clinton-Bush pou Ayiti a ensiste sou nesesite pou mond medikal ayisyen an gen kapisite pou l fè travay li an tout otonomi ak endepandans, lap ankouraje efò ki nesesè pou Ayiti fin pa gen mwayen pou l kanpe sou 2 pye li pou kont li."