Accessibility links

Breaking News

Dife Nan Yon Tren Pasaje Nan Peyi End: Plis Pase 32 Moun Pèdi Lavi Yo


Ponpye endyen k ap ponpe dlo sou yon dife ki eklate nan wagon youn tren-pasaje ki t ap asire nan vil Nellor (500 kilometers osid vil Hyderabad, End) Lendi 30 jiyè 2012. (Foto AP)
Ponpye endyen k ap ponpe dlo sou yon dife ki eklate nan wagon youn tren-pasaje ki t ap asire nan vil Nellor (500 kilometers osid vil Hyderabad, End) Lendi 30 jiyè 2012. (Foto AP)
Otorite endyen yo anonse 32 moun--e petèt menm plis--pèdi lavi yo e plis pase 22 lòt boule nan yon dife ki deklare abò yon tren-pasaje nan sid End.

Dife a pran douvan jou lendi 30 jiyè a /pandan pasaje yo t ap dòmi/ nan yon kabin yon tren "long distans" ki t ap asire yon koneksyon ant vil New Delhi ak Chennai.

Se yon responsab nan estasyon tren an ki te remake ensandi a pandan tren an t ap pase.

Lokomotiv la finalman t al kanpe toupre vil Nellore, nan Eta Andhra Pradesh kote teknisyen yo detache Wagon ki te pran dife a pou anpeche l gaye nan lòt kabin yo.

Responsab yo louvri yon ankèt pou detèmine kòz ensandi a; sepandan otorite yo panse se yon kousikui ki ta responsab trajedi a.
XS
SM
MD
LG