Nouvo anbasadè Etazini pou Ayiti, Pamela White, ki dwe tanmen misyon li nan mwa Out la, deklare san yon bon ekonomi, san kreasyon travay pou popilasyon an, pa ka genyen chanjman kap transfòme Ayiti.
Diplomat ameriken an, ki t ap pale ak Lavwadlamerik nan Washington, DC, ensiste poul di Lèzetazini pa ka transfòme Ayiti; se Ayisyen ki pral transfòme peyi yo... e li pare pou l kore yo kit se nan domèn lejislatif, elektoral, gouvènans, elatriye.
Anbasadè a fè konnen li pral' travay ak Prezidan Michel Joseph Martelly e ak Premye Minis Laurent Lamothe pou peyi a ka reyèlman "avanse" e premye priyorite li se travay avèk yo e apiye yo.
Madam White di kesyon transfòmasyon an se yon kesyon enpòtan sou ajenda li; sou pwen sa a "li pral travay pou plis faktori, plis otèl louvri e pou plis touris ale ann Ayiti".
Diplomat ameriken an manifeste entansyon l pou l "vwayaje otan l kapab toupatou nan peyi a e ankouraje patisipasyon dyaspora a, kominote a e, si sa nesesè, li menm dispoze al dòmi anba tant, paske li vle pale ak moun yo pou l tande yo e koute sa yo gen pou di, sa yo santi".
Anbasadè Pamela White, ki rekonèt li pa pale kreyòl "kou rat" menm jan ak ansyen anbasadè Kenneth Merten, fè Lavwadlamerik konnen li vle asire l ke chak ayisyen gen yon chans pou pale ak li, menm si se atravè yon entèprèt. Se pou sa Madan White presize pandan sejou li a ann Ayiti, l' ap genyen yon moun tout tan avèk li yon fason pou l ka pale kreyòl ak Ayisyen yo e pou yo kapab pale ak li tou.
Klke sou ikòn agoch la pou w koute entèvyou diplomat White bay chèf Sèvis Kreyòl la, Ronald César.
"Etazini Pa Ka Transfòme Ayiti, Se Ayisyen Ki Ka Transfòme Peyi Yo", daprè Nouvo Anbasadè Etazini ann Ayiti, Pamela White.
