Accessibility links

Breaking News

Obama Pale de Dwa pou Moun Pote Zam


Prezidan Barack Obama vizite vil Nouvèl Oleyan, Eta Lwizyàn, mèkredi 25 jiyè 2012 la, pou l te pran lapawòl devan manm yon gwoup ki rele National Urban League (swa Lig Ibèn Nasyonal la), yon gwoup trè puisan ki reyini sitwayen nwa-ameriken k ap defann dwa sivik, politik ak ekonomik minorite nwa yo.

Misye Obama te pwofite okazyon an pou l pale de yon trajedi ki te rive sa pa gen lontan, nan vil Aurora, nan eta Kolorado, kote yon nèg te ouvè koutzam sou moun ki te nan yon sal-sinema. Bilan : 12 moun te mouri epi 58 lòt te blese.

Prezidan Obama di:
“Tankou pi fò ameriken, mwen panse 2èm Amandman Konstitisyon amerikèn nan garanti dwa tout moun pou yo pote zam. Nou rekonèt tradisyon kote dwa pou moun posede zam se yon dwa ki pase de jererasyon an jenerasyon; dwa pou n fè lachas, dwa pou n tire e aprann tire, se yon dwa ki fè pati eritaj nasyonal nou. Men, an menm tan tou, mwen panse anpil moun ki posede zam ap dakò avèk mwen pou yo di ke mitrayèt AK-47 gen plas yo nan men sòlda, e non pa nan men kriminèl; yo gen plas yo sou chandbatay, e non pa nan lari vil nou yo. “

Misye Obama te kontinye pou l di pa ta dwe gen diskisyon ni opozisyon kont efò ki dwe fèt pou anpeche zam tonbe nan men kriminèl ak moun ki gen maladi mantal; o kontrè, daprè prezidan ameriken an, tout moun ta dwe konsidere yon efò konsa kòm yon bagay nòmal.

Pandansetan, kandida a la prezidans Pati Repibliken an, Mitt Romney, rankontre, jedi 26 jiyè 2012 la, avèk Premye Minis britanik la, David Cameron, nan vil Lond, premye etap yon toune entènasyonal kap mennen li nan 3 peyi.

Objektif la se ranfòse kredi misye Romney nan domèn politik entènasyonal la. Kandida repibliken an te debake nan kapital britanik la mèkredi pou l fè chita-tande avèk Misye Cameron, ak Vis-Premye Minis britanik la, Nick Clegg, e ak ansyen Premye Minis Tony Blair.

Nan yon entèvyou Misye Romney bay BBC, li di La Grand Bretay ak Lèzetazini pataje prensip komen ki solid e li panse se opinyon Prezidan Barack Obama tou.
XS
SM
MD
LG