Accessibility links

Breaking News

Etazini Pran Angajman pou l Kreye yon Jenerasyon san Sida


 Sekretè deta ameriken, Hillary Clinton,
Sekretè deta ameriken, Hillary Clinton,
Pandan chèf diplomasi amerikèn nan, Hillary Clinton, te pran lapawòl nan Konferans Sida a nan Wasshington, li fè konnen Etazini ap travay pou l bati sistèm sante dirab ki pral ede le mond finalman ranpòte la viktwa nan lit sa a.

Avèk objektif sa a, madan Clinton di Lèzetazini pare pou l envesti ann Afrik ak lòt kote, nan klinik ki ka ede ralanti transmisyon VIH de manman a pitit.

Li chante lwanj pou pwogram sikonzisyon gason yo an Afrik , pwogram sa yo efikas anpil nan ralanti pwopagasyon VIH/SIDA.

Vedèt britanik Elton John te pale tou kont la wont, la hènn, iyorans ke li di ki jennen lit kont pwopagasyon maladi Sida a.

Nasyonzini di 34 milyon moun ap viv ak VIH sida e gen 1 milyon 700 mil moun ki deja mouri ak maladi a nan lane 2011.
XS
SM
MD
LG