Accessibility links

Breaking News

Disidan Kiben Oswaldo Paya Mouri nan yon Aksidan Machin


Gwo disidan kiben Oswaldo Paya mouri. Li te genyen 60 tan. Misye pèdi lavi li dimanch 22 jiyè 2012 la, nan yon aksidan machin ki fèt nan pwovens Granma. Sou yon sit entènèt li te genyen, yon pitit fi li, Rosa Maria, poste yon anrejistreman-odyo kote li di fammi an panse yon 2èm machin te enplike nan aksidan an e se ekspre chofè machin sa a te fè, lè li frape machin ki t ap transpòte misye Paya a. Yon òganizasyon defen an te fonde, MLC (ou Mouvmamn Liberasyon Kretyèn), leve lavwa pou l mande yon ankèt.

Yon lòt moun ki mouri nan menm aksidan an, se yon lòt disidan ki rele Herold Cepero, ki te responsab Mouvmamn Liberasyon Kretyèn, tandiske gen 2 moun ki blese: yon sitwayen espayòl ak yon sitwayen swedwa. Oswaldo Paya sete on katolik trè devwe; li te vin gen renome entènasyonal kòm òganizatè sa yo rele Pwojè Varela a --sètadi yon kanpay ki te sou pye pou mande refòm nan Kiba, pi presizeman chanjman nan sistèm politik ki genyen yon sèl grenn pati ladan n nan.
XS
SM
MD
LG