Accessibility links

Breaking News

19èm Konferans Entènasonal sou SIDA kòmanse Dimanch nan Washington


AIDS-Conference
AIDS-Conference
Konferans Entènasyonal sou SIDA a tanmen nan Washington, dimanch 22 jiyè 2012 la, an prezans plis pase 20 mil delege. Se pou la premyè fwa yo òganize konferans sa a Ozetazini depi li te dewoule aletranje nan ane 1990.

Patisipan yo reponn prezan avèk anpil emosyon e anpil espwa akoz pawòl ki fè konnen kòmkwa espesyalis yo ka jwenn yon vaksen ki kapab ede yo ranpòte laviktwa sou SIDA finalman.

Moun yo t ap chante doleyans yo enskri sou pannkat yo pandan yo tap defile sou Avenue Pennsylvanie an, ki ale depi La Mezon Blanch pou rive jous devan lokal Kongrè a. Men yo tap selebre tou.

SIDA touye plis pase 30 milyon moun depi ane 80 yo. Men Michel Sidebe, direktè egzekitif l’ONUSIDA- di zouti tretman ak prevansyon ki kapab derasinen maladi sa a kap fè ravaj atravè lemond, se yon zouti ki egziste kounye a.

Msye Sidibe ajoute:
"Epòk nap viv la se yon epòk ki diferan. Fwa sa a, nou tout ansanm, nou pral mete fen nan SIDA. Sepandan bèl chans nou genyen la a pral pase si nou pa prese pase a laksyon."

Konferans sou SIDA a reprezante plis pase yon senp reyinyon kote moun rezilta pataje rechèch syantifik.

Men pawòl yon mizik foul la tap repete aprè vedèt mizik pòp ayisyano-ameriken Wycliff Jean :

"Youn sou chak 5 moun ki enfekte ak viris ki bay maladi SIDA a, pa konnen si li enfekte ; donk n a poze tet nou kesyon. Non mwen se Wyclef ; mwen se ayisyen."

Roderick Omar Hayes se yon ansyen manm Kò Merin Lèzetazini an. Sa gen 8 tan li te vin okouran li gen VIH, swa viris ki bay maladi a. Men kounye a, Misye Hayes di li gen espwa sa pral fini si responsab konsène yo bay lajan ki nesesè pou konbat epidemi an.

Li fè konnen :
"Mwen kwè vrèman yon tretman nan wout. Mwen pa konnen si konpayi pwodwi famasetik yo ap vle kite tretman sa a vini ; men mwen panse li pral rive kanmèm."

Dekouvèt tretman sa a ka petèt depann, an grann pati, de sa k pral fèt semèn sa a nan 19èm Konferans Entènasyonal sou SIDA a nan Washington.
XS
SM
MD
LG