Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Eksprime Kondoleyans Li Bay Fanmi Viktim Fiziyad Colorado a


Lapolis nan eta Colorado Ozetazini fè konnen 12 moun mouri anba bal e 38 pou pi piti blese nan yon tire ki fèt nan yon sinema nan banlye vil Boulder.

Otorite yo fè konnen premye prezantasyon fim ‘’The Dark Knight Rises’ la, ki se dènye fim Batman nan, te fèk kòmanse nan sine Century 16 nan vil Aurora a, lè yon nèg maske ki te devan sine a te voye yon mamit gaz lakrimojèn e kòmanse tire pasi-pala.
Temwen fè konnen li te tire yon ti bebe ‘‘à bout portant’’.

Prezidan an fè konnen tou li ‘’pran angajman pou l mennen devan lajistis kèlkeswa moun ki responsab la’’, e pou l pran swen moun ki blese yo.

Prezidan an di tou se yon tan ki ekstrèmman difisil e li di li te gen chans pale ak majistra kominal Aurora a ansanm ak Gouvènè Colorado pou l : "eksprime non sèlman nan non Michelle ak nan non pa mwen, men nan tout fanmi amerikèn nan pou m di kòman zak sa a fè nou lapèn."

Lapolis di yo arete nèg ame a tousuit apre, nan paking sinema a. Yo fè konnen nèg ki t ap tirea, ki gen 24 tran te gen yon fizi ak yon revolvè.

Chèf polis Aurora a, Daniel Oates, di nan yon konferans pou laprès ke se yon sèl nèg ki enplike nan zak la, alòske premye nouvèl yo te fè konnen ka gen yon konplis.

Chèf polis la fè konnen tou sispèk la te gen plizyè eksplozif lakay li. Kèk èd-tan apre tire a, kèk rezo televizyon leta te montre polisye sou ‘’grue’’ ki tache sou do kamyon ak nechèl, ki t ap chache antre nan kay la.
XS
SM
MD
LG