USAID (Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal) ap fete sa l konsidere kòm siksè yon pwogram bankè ki rele Mobile Money. Pwogram sa a sòt franchi yon etap enpòtan apre 2 lane depi li te derape nan peyi Dayiti.
Serge Michel entèvyouwe 2 responsab USAID ki te vin vizite Miami. Michel pale ak Maura O’Neill, responsab nouvote nan Mobile Money nan USAID, ansanm ak Priya Jaisangani, responsab Ekip Solisyon Mobil nan Biwo Alyans pou Nouvote ak Devlopman.
Serge Michel mande Maura O’Neill kòman Mobile Money fonksyone.
O'Neill reponn pou l di: ‘’Jan Mobile Money mache, sè ke ou ka resevwa lajan sou telefòn selilè w. Konsa, travay ou ka peye w nan telefòn nan e ou ka ale kote ajan lokal yo pou w fè makèt, mete minit sou telefòn ou, menm jan ou ka ale nan yon bank, ou tape yon nimewo sekrè e konsa ou ka pran lajan. Se menm jan tou ou kapab ale kote yon ajan lokal pou ba l lajan pou fanmi ou e ajan an ap voye yon tèks mesaj, yon SMS, bay fanmi w. Fanmi w ka ale kote ajan an, tape yon nimewo sekrè epi lap jwenn kòb la. Konsa, telefòn pòtab la ka mache tankou yon kat kredi oubyen yon kat bank.’’
K: Eske Mobile Money travay ansanm avèk konpayi transfè yo, oubyen si li nan konpetisyon avèk yo ?
R (O'Neill): Nan kèk ka, Mobile Money nan konpetisyon ak konpayi transfè yo; men deplizanpli yo fè yon jan pou yo antann yo ak Mobile Money. Konsa, moun ka fè konpayi transfè yo voye lajan bay fanmi yo sou Mobile Money.
Serge Michel te pwofite mande Priya Jaisangani si yon sistèm tankou Mobile Money ka mache nan nivo entènasyonal?
Jaisangani di: "’Wi; men kote li plis mache se nan Filipin. Sepandan li travay tou nan Kenya ak Afganistan, kote sistèm elektwonik sa a mache nan tèt ansanm ak konpayi transfè yo"
Priya Jaisangani fè konnen pri transfè lajan nan Mobile Money depann de mache yo. Nan nivo lokal, yo koute petèt yon ti kras plis pase 25 santim ameriken e mwens ke 50 santim, dapre chif ki sòti nan Bank Mondyal pou tranzaksyon ki dewoule ane pase.
K: Eske se USAID ki te vini ak lide Mobile Money an?
R (Jaisangi): mouvman sa a te parèt pou premye fwa nan rejyon Ès Afrik ak Filipin nan ane 2005-2006 e apeprè 100 konpayi ap travay ak nouvo platfòm sa a. USAID vle apiye platfòm sa yo, sitou pou ede moun kap fè ti kal lajan yo e ki pa ka gen kont an bank trandisyonèl yo.
K: Eske anpil moun sèvi ak Mobile Money pou kounye a ann Ayiti?
Jaisangi reponn pou l di li pa ka mete tout enfòmasyon sou kesyon an nan lari, li oblije kenbe kèk enfòmasyon sekrè. Men Maura ak anbasadè ameriken an ann Ayiti, sòt anonse Mobile Money sot konte 5 milyon tranzaksyon ki fèt ak moun ann Ayiti nan 2èm semèn mwa Jiyè a’.
K: Eske mèt biznis yo ann Ayiti sèvi ak Mobile Money pou yo peye anplwaye yo?
Repons la se wi. Maura O’Neill bay ekzanp yon gwo ONG, petèt CRS ki fonksyone ann Ayiti e ki fè konnen li ekonomize 60 pousan sou bidjè li gras ak Mobile Money. E Madan Maura fè konnen se yon bon bagay, paske konsa konpayi yo ka gen plis lajan nan menyo pou yo anplwaye plis anplwaye oubyen peye lòt bagay.
K: Kilès ki te lanse Mobile Money ann Ayiti?
R (Jaisangi): se 2 gwo konpayi telefòn pòtab Voila ak Digicel ki te mete ansanm ak UniBank e ak ScotiaBank pou yo kòmanse pwogram sa a, e yo tap fè konpetisyon antre yo. Yo te suiv modèl pwogram konsa ki gen plis siksè nan lemond, e pwogram sa a opere nan Kenya ansanm ak konpeyi telefòn selilè Safari Comm.
R (O'Neill): Kit se nan Kenya, kit se ann Ayiti, ajans devlopman yo jwe yon wòl enpòtan. Ann Ayiti, USAID ak Fondasyon Gates te depose premye fon ki te la yo pou ankouraje Voila ak Digicel derape pwogram nan. Se menm jan nan Kenya, nouvèl yo fè konnen Ajans Devlopman Wayòm Ini an te depose 1 milyon 500 mil dola
K: Eske konpayi transfè tradisyonèl yo konsidere Mobile Money kòm yon konpetitisyon ke yo ta oblije konbat pou yo pa pèdi biznis yo?
R (O'Neill): Mwen kwè ke nan pi fò ka yo, konpayi transfè yo pa wè sa kòm yon menas, kòm li fè k kòmanse. Yo wè ke, menm jan moun plis sèvi ak kat kredi olye yo sèvi ak lajan cash, konpayi transfè yo tou reyalize yo dwe kòmanse pèmèt ankouraje moun fè tranzaksyon ak kat kredi yo tou, e yo ta dwe fè aranjman pou yo sèvi ak Mobile Money pou yo fè transfè lajan tou
K: Eske Mobile Money ranpòte siksè?
R (ON'eill): Pwogram nan fèk anrejistre 5 milyon tranzaksyon an total ki fèt sou Mobile Money, 2 zan apre li te derape an 2010. Tankou tout nouvo teknoloji, li pran tan pou anpil moun antre ladan n. Yon lè va rive kote chak moun ka gen yon ajan Mobile Money tou pre lakay yo.
Maura O’Neill fè konnen nan Kenya, yon peyi k ap mache byen, 5 lane apre yon pwogram menm jan an te kòmanse, 90 pousan moun ki gen telefòn selilè te gen Pòch Mobil --nan lang angle a, Mobile Pocket.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj Serge F. Michel.