Prezidan Michel Martelly ofri yon dine nan lonè anbasadè ameriken Kenneth Merten ki rive nan fen misyon li nan peyi d Ayiti.
Premye Minis Laurent Lamothe ak plizyè manm kabinè ministeryèl la te prezan nan dine sa a ki dewoule nan Palè Nasyonal la jedi 19 jiyè 2012 la.
Nouvèl yo fè konnen manm fanmi diplomat la avèk li menm kapab kite Pòtoprens vandredi 20 jiyè a.
Siksesè Ambasadè Merten nan, Pamela White, te prete sèman nan mitan semèn nan (pi presizeman mèkredi 19 jiyè a) nan yon seremoni ki te dewoule nan Depatman Deta nan Washington.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj sou dine Prezidan Martelly te ofri nan lonè Ambasadè Merten nan, avèk Clarens Renois ki reponn kesyon Jean Robert Philippe tou sou lòt pwen k ap domine aktyalite a ann Ayiti.