Accessibility links

Breaking News

Nouvo Anbasadè Lèzetazini ann Ayiti, Pamela White, Prete Sèman nan Depatman Deta a


Pamela Ann White Kredi: Depatman Deta Ameriken
Pamela Ann White Kredi: Depatman Deta Ameriken
Nouvo anbasadè Lèzetazini pral voye ann Ayiti a, Pamela White, prete sèman mèkredi 18 jiyè 2012 la nan Depatman Deta nan Washington.

Pèsonalite ki te prezide seremoni an se Sekretè Deta Hillary Cliton. Nan asistans la te genyen reprezantan kò diplomatik la, san bliye anbasadè peyi d Ayiti o Zetazini, Paul Altidor.

Madam White se yon diplomat ki gen anpil eksperyans; anvan Ayiti, li te reprezante Washington nan divès peyi, tankou Ganbi, Tannzani, Mali, Kamwoun, Senegal avèk Afrik di Sid.

Nouvo chèf misyon diplomatik Lèzetazini nan Pòtoprens la pale fransè ak kreyòl, paske se pa premye pòs l ap okipe ann Ayiti.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj chèf Sèvis Kreyòl la, Ronald César, ki te prezan nan seremoni an.
XS
SM
MD
LG