Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Clinton gen pou l Rankontre ak Prezidan Birmani an


 Sekretè Deta ameriken an Hillary Clinton
Sekretè Deta ameriken an Hillary Clinton
Sekretè Deta ameriken an Hillary Clinton gen pou l rankontre prezidan peyi Birmani an Thein Sein semèn sa a jis apre Etazini anonse ofisyèlman ke li leve sanksyon ekonomik ki t ap peze sou do peyi sidès azyatik sa a .

Yon gwo responsab nan Depatman Deta di Lavwad Lamerik chita-tande yo pral dewoule vandredi 13 jiyè 2012 la akote konferans k ap dewoule nan Kanbòj la.

Etazini leve sanksyon yo sou Birmani , sa ki pèmèt konpayi amerikèn yo al envesti nan Birmani pou premye fwa depi 15 zan.
XS
SM
MD
LG