Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Siryen an nan Irak al Jwenn Opozisyon an


Anbasadè siryen an nan peyi Irak abandone gouvènman an e al jwenn opozisyon an k ap mande depa Prezidan Bashar al-Assad.

Nan yon deklarasyon ki pase sou chèn televizyon lang Arab Al-Jazira , Nawaf Fares egzòte manm lame a pou yo menm jan avè l pas eke daprè sa l di , pa gen onè nan touye manm nan pwòp popilasyon peyi w.

Diplomat siryen an presize gouvènman an itilize pati Ba-as la ki sou pouvwa a kòm zouti pou oprime pèp siryen an ak aspirasyon yo genyen pou libète ak diyite.

Ministè afè etranjè siryen an soti yon deklarasyon ki di mesye Fares te deja jwenn revokasyonn e li pa ge n okenn relasyon ak ministè afè etranjè a , kidonk li pat anbasadè ankò nan Bagdad.

Mesye Fares se yon gwo responsab siryen ki kite gouvènman mesye Assad la depi leve-kanpe mòtel te kòmanse sa gen 16 mwa.

Nan Washington, pòtpawòl Lamezon Blanch Jay Carney konsidere defeksyon diplomat se yon siy ki montre apwi mesye Assad-la ap aflebli ni anndan gouvènman l ni nan nivo entènasyonal.
XS
SM
MD
LG