Accessibility links

Breaking News

Vizit 2 Jou Prezidan Michel Martelly nan Ekwatè


Prezidan Michel Martelly twouve l nan tèt yon delegasyon ki ale fè yon vizit 2 jou nan kapital Ekwatè a, Kito. Objektif vizit sa a se, antwòt, eksplore ak otorite ekwatoryen yo posiblite pou peyi sid-ameriken an ede Ayiti nan efò l ap fè pou l modènize fòs polis li, ofri pwoteksyon ki nesesè bay pèp ayisyen an epi asire sekirite fwontyè li yo. Pami ofisyèl ki akonpaye Prezidan Martelly nan deplasman sa a genyen Minis Defans Nasyonal la, Jean Roudolphe Joazil.

Yon lòt kote, USAID òganize, madi 19 jiyè 2012 la, yon seremoni kote li atire atansyon sou siksè Mobile Banking, yon pwogram lap patwone nan peyi d Ayiti depi ane 2010. Se yon pwogram ki pèmèt moun sèvi ak telefòn pòtab yo pou yo fè tranzaksyon bankè.

Youn nan avantaj yon pwogam konsa, se redui –si se pa elimine- posiblite pou moun komèt fwod bankè. Pami pèsonalite ki te prezan nan seremoni an, te genyen anbasadè Lèzetazini an ann Ayiti Kenneth Merten (kap kite Ayiti nan dat 20 jiyè 2012 la pou l al okipe pwochen pòs li nan peyi Kwoasi), Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, gouvènè Bank Santral Ayiti a, ak ofisyèl USAID ki te fè deplasman an depi Lèzetazini. Jiskaprezan, gen anviwon 900 mil moun ki enskri pou yo patisipe nan pwogram Mobile Banking nan; responsab yo prevwa kantite sa a pral ogmante rapidman nan mwa kap vini yo
XS
SM
MD
LG