Otorite yo nan Kap Ayisyen konfime gen 6 moun ki pèdi lavi yo nan nofraj yon kanòt dimanch 8 jiyè 2012 ki sot pase a nan zòn Labadee --yon zile touristik ki sitiye a 6 kilomèt Kap Ayisyen.
Daprè otorite yo, li ta sanble moun sa yo te yon gwoup 20 moun ki abite nan menm katye a e ki t ap patisipe nan yon joune detant sou zile a.
Delege Depatman nò a, Yvon Alteon , fè konnen ankèt yo revele majorite moun ki te abò ti bato a te bwè alkòl, yon sitiyasyon ki te lakoz kondiktè a pedi kontwòl operasyon yo.
Aprè plizyè rechèch, sèvis gad kot ak popilasyon nan zòn nan pat rive dekouvri lòt kadav. Otorite lokal yo pran desizyon pou entwodui nouvo mezi sekirite aprè ensidan sa a.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute korespondan nou Yvan Martin Jasmin ki di nou plis.