Prezidan Michel Martelly ap retounen Pòtoprens lendi 9 jen 2012 la apre li te reprezante Ayiti nan yon somè chèf d Eta ak chèf gouvènman peyi KARIKOM ou mache komen Karayib la e apre yon vizit nan peyi Panama. Misye Martelly mande pou Ayiti jwenn nan blòk rejyonal la menm tretman ak lòt manb KARIKOM yo. Se konsa tou li plede pou franse tounen yon lang ofisyèl nan òganizasyon an epi, yon lòt kote, li repete pwomès li te fè pou li remete lame d Ayiti sou pye li amvan manda li pran fen nan 4 tran ankò.
Prezidan Martelly ap Retounen Ayiti Lendi aprè yon Vizit nan Sent Lisi ak Panama