Accessibility links

Breaking News

Bilan Pasyèl Patisipasyon Prezidan Michel Martelly nan yon Somè CARIKOM nan Sent Lisi

Nan okazyon 33e somè CARIKOM nan k ap dewoule nan Sent Lisi, Prezidan Michel Martelly, swete pou Ayiti tire benefye klè kòm manm blòk rejyonal la e pou benefis sa yo makònen ak bezwen reyèl pèp ayisyen an.

Daprè yon nòt ki sòti nan biwo kominikasyon prezidans la, Misye Martelly mande pou fransè tounen yon lang ofisyèl CARIKOM a kote lang angle a. Lidè ayisyen an plede tou an favè patisipasyon pwofesyonèl ayisyen nan sekretarya CARICOM nan.

Nan somè sa a k ap pran fen vandredi 6 jiyè a, deba yo chita, antwòt, sou avni peyi nan rejyon an, refòm nan sekretarya CARIKOM nan ki baze nan peyi Guyana, devlopman ann Ayiti, san bliye Kou Jistis Karayib yo (CCJ) .

Nòt la presize tou objektif patisipasyon Ayiti nan somè a se defini angajman gouvènman Pòtoprens la pou l tabli yon politik nasyonal ki kapab fasilite entegrasyon total-kapital peyi a nan kominote karaib la, egzèse tout dwa l ak obligasyon l nan blok rejyonal la, e sutou asire yon prezans nan tout nivo òganizasyon an.
XS
SM
MD
LG