Prezidan kiben an, Raul Castro, rive mèkredi 4 jiyè 2012 la nan Peken, kapital Lachin, kote li kòmanse yon visit 4 jou.
Objektif vizit sa a se ranfòse relasyon ki egziste ant peyi li ak 2èm pi gwo ekonomi nan lemond la.
Sou pwogram sejou Misye Castro nan Peken, li genyen pou l rankontre jedi avèk kolèg chinwa li a, Hu Jintao, epi 2 lidè yo pral prezide yon seremoni kote Kiba ak Lachin ap siyen kèk akò kowoperasyon.
Daprè estatistik gouvènman chinwa a pibliye, echanj komèsyal ki fèt ant La Avàn ak Peken te sòti nan nivo 590 milyon dola an 2004 pou yo monte rive yon Milya 800 milyon dola an 2010.
Aprè Lachin, Raul Castro genyen pou l ale vizite tou vil Anòy, nan peyi Vyetnam.