Accessibility links

Breaking News

Konpliman Anbasadè Kenneth Merten pou Enstalasyon CSPJ


 Anbasadè Kenneth Merten
Anbasadè Kenneth Merten
Anbasadè Lèzetazini ann Ayiti Kenneth Merten fè konpliman pou enstalasyon konsèy siperyè pouvwa jidisyè a (CSPJ), yon enstitisyon ki pral travay pou garanti endepandans pouvwa jidisyè vizavi lòt pouvwa yo.

Madi 3 jiyè 2012 la, Prezidan Michel Martellye enstale konsèy sa a kap genyen 9 manm: Mèt Anel Alexis Jospej (prezidan), Antoine Norgaise, Thiers malette, max Elibert, Gustave Pharaon, Jean Alix Civil, Jean Etienne mercier, Dilia Lemaier avèk Néhémie Joseph.

Nan diskou Prezidan Martelly fè nan sikonstans la, li ankouraje majistra ki fòme nouvo konsèy la pou yo rann jistis pou moun ki merite jistis.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior sou reyaksyon chèf misyon diplomatik Lèzetazini an, Anbasad Merten, sou kreyasyon konsèy siperyè pouvwa jidisyè a.
XS
SM
MD
LG