Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Enstalasyon Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, enstale jodi a Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ)---yon desizyon plizyè sektè nan peyi a ak nan kominote entènasyonal la akeyi ak satisfaksyon.

Prezidan Martelly ki te pran lapawòl nan okazyon di avèk enstalasyon sa a li respekte youn nan pwòmès li te fè pandan kanpay elektoral la.

Anbasad ameriken an nan peyi d Ayiti bat bravo pou enstalasyon manm CSPJ a nan yon nòt pou laprès li pibliye nan kapital ayisyen an.

"Anbasad Etazini Damerik felisite nèf gason ak fanm ki te prete sèman jodi a kòm manm Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ). Nap swete yo bon siksè.

Jodi a se yon jou istorik pou demokrasi ayisyèn nan. Se yon viktwa pou pèp ayisyen an. Envestiti CSPJ a mete pouvwa jidisyè a nan menm nivo nan gouvènman an. Peyi Etazini vle travay nan kolaborasyon avèk gouvènman ayisyen an pou bati yon etadedwa.

Peyi Etazini ap kontinye pran angajman pou sipòte pèp ak gouvènman ayisyen an nan jefò kap fèt sou lontèm pou bati yon peyi ki gen plis estabilite, ki pi pwospè, epi kote ki gen plis demokrati."

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute korespondan Sèvis Kreyòl la ki di nou plis nan mikwo Jacques Jean-Baptiste.
XS
SM
MD
LG