Ozetazini, kèk tanpèt vyolan frape pati lès peyi a vandredi pase a; sa lakoz omwen 12 moun pèdi la vi yo tandiske plis pase 3 milyon lòt rete san kouran elektrik. Tanpèt sa yo --ki frape rejyon an pandan yon vag chalè rekò te deja rann lavi moun yo difisil-- rache pye bwa e yo koupe kab kouran elektrik.
Nan Washington D.C. ak 4 eta (Maryland, Virjini , Virjini Oksidantal ak Ohio) otorite yo deklare yon eta dijans. Eta dijans la bay gouvènè eta konsène yo ak otorite yo nan kapital federal Lèzetazini an posiblite pou yo jwenn sèvis manm gad nasyonal la epi utilize resous leta federal la pou yo asire sekirite sitwayen yo.
Nouvèl yo rapòte 6 moun mouri nan New Jersey, 2 nan Maryland, youn nan Ohio epi yon lòt nan Eta Kentucky. Pi fò lanmò sa yo se rezilta pye bwa ki tonbe sou kay moun yo. Nan kèk vil kote tanpèt yo fè dega responsab konpayi elektrik ak telefòn yo fè konnen sa kapab pran 8 jou pou yo fin repare dega yo e pèmèt kliyan yo rejwenn sèvis ankò.