Accessibility links

Breaking News

Etazini-Dezas: Yon Seri Gwo Tònad Fè Dega nan Sant Eta Tegzas


Ozetazini, espesyalis meteo yo fè konnen ant 6 a 12 tònad frape rejyon sidwès peyi a kote yo bwote machin e kraze kay madi 3 avril 2012 la. Responsab yo di 13 moun pou pi piti blese pandan gwo vouvari van sa yo tap pase sou Dallas, nan Eta Texas, ak kèk lòt rejyon ki tou pre vil la.

Dallas se youn nan rejyon ki gen plis moun nan peyi a. Omwen 2 moun ap soufri ak gwo blese. Daprè espesyalis meteo yo toujou, tònad say o te gwo e trè danjere. Otorite yo fè konnen yo koze dega plizyè kote nan Eta Tegzas, men erezman pa gen moun ki mouri.

Konpayi avyon American Airlines te anile tout vòl li ki tap sòti nan ayewopò Forth Worth nan Dallas pandan tout rès jounen madi a; vòl yo reprann mèkredi 4 avril la.

Responsab liyn ayeryèn nan presize yo gen pou fè enspeksyon nan plis pase 100 avyon ki sanble sibi domaj pandan pasaj tònad yo.
XS
SM
MD
LG