Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Kandida Repibliken Mitt Romeny ranpòte 3 Eleksyon Primè Madi 3 Avril 2012 la


Ozetazini, kandida pati repibliken an pou plas prezidan an, Mitt Romney, ap pwoche pi pre kantite delege li bezwen pou l ranpòte nominasyon pati a, aprè li ranpòte eleksyon primè ki dewoule madi 3 avril 2012 la nan 2 Eta: Wisconsin ak Maryland, epi nan kapital federal la, Washington D.C. Aprè laprès te anonse se Misye Romney ki genyen 3 primè yo, se nan yon veritab anbyans fèt li selebre triyo viktwa sa yo pandan li te nan Eta Wisconsin kote li te pran lapawol devan yon foul patizan.

Misye Romney di:
“ Mèsi WisconsiN, Maryland ak Washington DC. Nou ranpòte tou lè 3 primè yo. Jounen elektoral jodiya se yon gwo zafè, papa!. Se yon gwo viktwa nou ranpòte aswè a nan kad kanpay nap mennen pou n retabli pwomès Lèzetazini an.”

Misye Romney ranpòte viktwa sa yo aprè li te resevwa kèk andòsman trè zenpòtan nan men kèk gwo lidè repibliken kap mande pou pati a ini li dèyè yon sèl kandida, an palan de li menm, Mitt Romney, yon fason pou repibliken yo kapab santre atansyon yo sou fason yo dwe atake Prezidan Barack Obama, kandida pati demokrat la.

Avèk 3 viktwa madi a, Mitt Romney genyen kounyela a plis pase 600 delege –swa plis pase mwatye kantite l ap bezwen pou l ranpòte nominasyon pati l la, tandiske rival ki pi prè li nan kous la, Rick Santorum, genyen 300 delege sèlman. Sepandan, jan Misye Santorum pale madi swa, sanble misye poko sòti –oubyen pito li pa sòti menm- pou l kite kous la, paske li di kanpay la rive nan mwatye distans la sèlman. An tou ka, se sa li di laprès pandan li tap pale nan Eta Pennsilvani kote li espere remonte pant la ak yon viktwa nan primè ki gen pou dewoule nan eta sa a nan dat 24 avril pwochen an.

Misye Santorum deklare:

“Medam, mesye, Eta Pennsilvanni ak mwatye tout pèp la nan peyi sa a, poko fè tande vwa yo.”
Byen bonè nan jounen madi a, Prezidan Barack Obama pat mete dlo nan bouch li pou l kritike pati repibliken an. Pandan lidè ameriken an te pran lapawòl nan rankont anyèl jounalis ak dirijan ajans nouvèl Associated Press, li te fè konnen plan bidjè republiken yo apiye a –nap site: “Se yon tantativ pou enpoze yon vizyon gwo ponyèt sou peyi a, yon vizyon ki ta kapab genyen konsekans grav sou klas mwayèn nan.”
XS
SM
MD
LG